play_arrow

Texte à écouter

‘Pitit malere’ de Georges Castera interprété par james Fleurissaint

micGeorges Casteratoday1 septembre 2023 34

Background
share close
  • cover play_arrow

    'Pitit malere' de Georges Castera interprété par james Fleurissaint Georges Castera


Sa ou vle nèg-la fè?
madanm-li ap pase rad,
li minm l-ap pase tray
pitit li kouche
tou rèd tou plat
kon nap joudlan.

yon ti moun si zan
tou chèchkò.
wa di you bwadan
seren fi-n souse,
wa dj you vye chalimo
fronmi ap pote ale.

vwazinay koumanse sanble
lan kay-la,
yo chita lan plenyen :
apa yè, mezanmi,
ti nonm-la t-ap pase la-a…
Hey! katye-a tankou
you bout bra
ki pa kenbe anyen.

Maladi lan san,
osnon maladi san non?
– Non madanm,
se grangou k-ap pote-l ale,
maladi lamizè
ki kanpe lan tout kay-la
lan mitan tout bagay.

Sa ou vlé nèg-la fè?
madanm-li ap pase rad,
li menm l-ap pase tray,
l-ap vanse je fèmen,
li pa konnen sa pou-l fè,
li tankou you vye revèy
ki rete sou midi:
vant-li vid,
bouch-li ap kimen.
Li pa touche depi twa mwa,
pitit-1i kouche tou rèd
epi-l tande
lantèman pou ka trè.


Texte à écouter

Noter

Notre application

CONTACTEZ-NOUS

0%