Mèt lawouze
Nou tout ap fout mouri si latè mouri !! Pyebwa , zannimo kat pat, de pat , mil pat, ti kat kat krebete, grandèt majè, zwezo anba syèl ble digo, kreyati nan dlo, ak tout dibidal batanklan nou posede. Tout bagay ap peri ! Epi manman Mannwèl foure men l nan pousyè yon vye tè ki finn dechose.. Mesye dam lasosyete, bonswa ! Anvan kombit kont sa kòmanse, m ap mande tout moun alawonnbadè, sòti nan ti kat kat rive nan pi gran […]