Poésie

Mèt lawouze

today6 décembre 2023 485 92 2

Background
share close
  • cover play_arrow

    Mèt lawouze James Feurissaint

Nou tout ap fout mouri si latè mouri !!
Pyebwa , zannimo kat pat, de pat , mil pat, ti kat kat krebete, grandèt majè, zwezo anba syèl ble digo, kreyati nan dlo, ak tout dibidal batanklan nou posede.
Tout bagay ap peri !
Epi manman Mannwèl foure men l nan pousyè yon vye tè ki finn dechose..
Mesye dam lasosyete, bonswa !
Anvan kombit kont sa kòmanse, m ap mande tout moun alawonnbadè, sòti nan ti kat kat rive nan pi gran pou yo louvri tande yo ak nawèyo, pi laj pase gozye yo.
Paske listwa sila se yon listwa ki konsekan.
Apresa nap rale ti chez ba nou pou nou depoze dada nou tankou ti jezi nan po krab, pou lè m di krik pou n ka di krak, pou lè m di krak poun ka di krik.

Écrit par Haïti Inter

Noter

Commentaires (0)

Laisser un commentaire

Votre adresse email ne sera pas publiée. Les champs marqués d'un * sont obligatoires

Notre application

CONTACTEZ-NOUS

0%