Nan mitan youn chan kann bò ‘‘Higwèy’’
An Dominikani
De Ayisyen chita nan oun batèy
Pye atè do touni
Younn ape pale, younn ap koute
Yo pa fè bri
Van nan kann nan sèlman ki tande
Sa y’ ape di
Vyewo, ou k’ap fè tè Ayiti
Men oun komisyon w’ a bay madanm mwen pou mwen
Vyewo se oun ‘‘Dièz Peso’’
Vyewo avèk oun pè zanno
Lè ou rive si ou pa jwenn li plase
W’ a bay manman mwen-l pou mwen
Vyewo ale, Vyewo tounen
Avèk Nouvèl ki bay kè plen
Manman-an mouri
Sa genyen kèk lannen
Gen mounn ki di
Ke se chagren
Madanm nan la, l’ ape kenbe
Men timounn yo mal okipe
Premye-a grandi tankou chwal
Ti dènye-a pa menm sonje papa’l
Nan mitan youn chan kann bò ‘’Higwèy’’
An Dominikani
De Ayisyen chita nan oun batèy
Pye atè do touni
Youn ape pale, younn ap koute
Yo pa fè bri
Van nan kann nan kouri efase
Sa y’ ape di
Kouzen m’sot fè tè Ayiti
Men youn komisyon, madanm ou voye ba-ou
Kouzen li lè pou ou tounen
Kouzen, menm si ou pa pot anyen
Lè w’ ap janbe fwontyè
Pa bliye manchèt ou dèyè
Ernest Lamy dit Nono Lamy est un pianiste, chef d’orchestre, compositeur, arrangeur né en Haïti en 1923. Très tôt, il baigne dans un environnement musical grâce à sa mère qui est pianiste chevronnée. Sa formation commence réellement à huit ans et c’est un cursus classique bien ficelé que lui propose sa professeure de musique qui n’est autre que sa propre mère. Mais cette formation va s’arrêter brusquement avec le décès […]
Commentaires (0)