Vyewo
Nan mitan youn chan kann bò ‘‘Higwèy’’ An Dominikani De Ayisyen chita nan oun batèy Pye atè do touni Younn ape pale, younn ap koute Yo pa fè bri Van nan kann nan sèlman ki tande Sa y’ ape di Vyewo, ou k’ap fè tè Ayiti Men oun komisyon w’ a bay madanm mwen pou mwen Vyewo se oun ‘‘Dièz Peso’’ Vyewo avèk oun pè zanno Lè ou rive si […]